Letra de la canción Bradsou Bradsa por Zafèm | Letras y Música en AllMusicas

Has encontrado la letra de la canción Bradsou Bradsa, interpretada por el increíble artista Zafèm. En AllMusicas, nos enorgullece ser tu portal de música favorito para descubrir letras y canciones que te inspiran.

¿Te encanta esta canción? Explora más éxitos de Zafèm y descubre nuevas canciones que seguro serán de tu agrado. ¡Sigue disfrutando de la música con nosotros!

Foto de Zafèm

Bradsou Bradsa

Por Zafèm

Gon kesyon ou renmen poze m
Ou konnen m pa sere koze
Ou vle m baw pou ki rezon
W ap tann eksplikasyon
Ou vle pou m babye (babye ba w)

Mpaka di si wa p ban m presyon
Oubyen si w pèdi konviksyon
Sa mwen gen kom repons
Mwen ak ou gen menm misyon
Anyen pa p janm kapab separe n

Ou di ou wè m chanje
Ou paka wè kote m ye
Ou pa bezwen enkyete w
Pos radyo sa pa p chanje
Ou pa bezwen ebranle

Dèfwa m panse a kanpe
Men gon ti vwa ki di m kontinye
Cheri mwen dezole
Wout lanmou plen ling brize
Ou pa bezwen fache, babye la

M konnen m ba w traka fè w jete dlo
Mwen fè m fè pou w ta menm jete m tou
Men sa m fini pa konprann
Mwen avè w gen menm misyon
Anyen pa p janm kapab separe n

Ou di ou wè m chanje (poutan w fè'm santi m nan po m)
Ou paka wè kote m ye (ou pa bezwen enkyete w)
Ou pa bezwen enkyete w (ooo)
Pos radyo sa pa p chanje (eee)
Ou pa bezwen ebranle

Mwen konnen nou kapab
Nou gen fos ak kouraj
Si nou ka la, nou la toujou
M pa konn pou ou
Men pou mwen, m gon pil lafwa nan nou

Konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Men m prefere tout sa ke separe

Mwen di nou fèk kare la
Nou, ooo nou fèk kare
Bradsou bradsa, se sa l ye
Solèy nan kè n ka briye
Nou se marasa, se sa n ye

Konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Men m prefere tout sa ke separe

Mwen di nou fèk kare la
Nou, ooo nou fèk kare
(Kenbe sere lanmou nan kay sa) Bradsou bradsa, se sa l ye
(Solèy nan kè n ka leve) Solèy nan kè n ka briye
(Nou se marase) Nou se marasa, se sa n ye

Se sa n ye
Se sa n ye
Pa bliye
Se sa n ye

Mejores Playlists Destacadas